Accessibility links

Breaking News

Ouvèti, Lendi 14 Janvye a, Sesyon Odinè Palman Ayisyen an


Ann Ayiti, Prezidan Michel Martelly ak Premye Minis Laurent Lamothe ap pran lapawòl devan 2 chanm yo reyini, lendi 14 janvye 2013 la, nan okazyon ouvèti sesyon òdinè asanble nasyonal la.

Aprè mesaj chèf deta a, Premye Minis Laurent Lamothe gen pou pran lapawòl tou pou l prezante yon bilan reyalizasyon gouvènman n nan pandan tan li deja pase sou pouvwa a.

Sepandan, yon gwoup depite minoritè ki fè pati yon gwoup ki rele Palmantè pou Ranfòsman Enstitisyonèl, (abreje fransè PRI), anonse yo pral sèvi ak mareryèl ki ka fè bri –tankou siflè ak klòch- pou yo anpeche Misye Lamothe fè diskou l la.

Depite sa yo repwoche chèf gouvènman an deske li te refize resevwa yo lè yo te mande yon rankont pou yo te pale de depans Leta prevwa pou kolektivite teritoryal yo.
XS
SM
MD
LG