Accessibility links

Breaking News

Rankont Prezidan Barack Obama ak Prezidan Hamid Karzai nan Lamezon Blanch


Prezidan peyi Afganistan, Hamid Karzai, kap fè yon vizit Ozetazini, pral rankontre vandredi 11 Janvye a ak Prezidan Barack Obama nan La Mezon Blanch, pou yon chita-tande kote yo pral abòde wòl Lèzetazini nan Afganistan aprè sòlda ameriken yo va fin kite peyi sa a ane pwochèn.

Jedi 10 Janvye a, minis defans ameriken an, Leon Panetta, te rankontre ak lidè afgan an e li te atire atansyon sou pwogrè otorite Afganistan yo fè nan efò pou yo asire pwòp sekirite peyi yo.

Misye Panetta di:
“Aprè yon chemen ki te long e difisil, mwen panse jounen Jodi a nou rive nan dènye chapit travay pou n mete sou pye yon Afganistan ki granmoun tèt li, ki kapab dirije tèt li e bay tèt li sekirite pou yon pi bèl avni.”

Minis Panetta te pale konsa nan kòmansman rankont li ak Misye Karzai, jedi 10 janvye a, nan Pentagòn nan, nan moman administrasyon Obama a ap chache pran desizyon sou avni prezans militè Lèzetazini nan Afganistan. Bò kote pa l, Misye Karzai te pran lapawòl pou l di kijan li apresye apui Lèzetazini ak lòt peyi-alye ap bay Afganistan depi plizyè ane deja.

“Mwen kapab ba w garanti, misye le Minis, avèk èd Lèzetazini ban nou, Afganistan pral kapab ofri sekirite pou pèp li a e pwoteje fwontyè li yo…”
XS
SM
MD
LG