Accessibility links

Breaking News

Siri: Rankont Anvwaye Lakhdar Brahimi ak Otorite Ameriken e Ris nan vil Jenèv


Anvwaye lapè Nasyonzini ak Lig Arab la pou peyi Siri, Lakhdar Brahimi, ap pare pou l rankontre responsab ameriken ak ris vandredi 11 janvye 2013 la nan vil Jenèv, an Suis, pou yo anvizaje yon solisyon politik pou kriz la nan Siri.

Lèzetazini se youn pami manm Konsèy Sekirite Nasyonzini an ki apiye yon plan tranzisyon politik pou Siri; plan sa a gen ladan n demisyon Prezidan Bashar al-Assad.

Sepandan Larisi ak Lachin, 2 manm pèmanan Konsèy Sekirite a, rejte plan an. Jedi 10 Janvye a, Lasiri akize Mesye Brahimi dèske li nan bon jan pati pri, sitou akoz yon deklarasyon li te fè sou radyo entènasyonal britanik la, BBC, kote li te ensiste sou demisyon Prezidan Assad.
XS
SM
MD
LG