Accessibility links

Breaking News

Mizilman Chiyit nan Pakistan Anba Gwo Atak


Daprè yon òganizasyon defans dwamoun ki enpòtan anpil, Human Rights Watch, mizilman chiyit kap viv nan peyi Pakistan twouve yo anba atak grav, aprè yon seri de eksplozyon bonm ki fèt jedi 10 janvye 2013 la e ki touye 115 moun atravè tèritwa nasyonal la, tandiske preske 250 lòt blese.

Se youn nan jounen kote plis moun mouri nan peyi a depi plizyè lane. Ali Dayan Hasan, direktè chapit Human Rights Watch pou Pakistan, lanse vandredi 11 janvye a yon avèstisman kote li fè konnen zak-vyolans pou rezon rasyal, byen kapab kontinye ogmante, yon jou aprè eksplozyon bonm-suisid te touye yon afè de 82 moun nan yon sant chiyit frekante pou yo jwe « billard ».

Daprè misye Hasan toujou, plis pase 400 chiyit pèdi lavi yo nan 12 mwa ki pase yo ; li fini pou l di « Si nou konsidere kantite moun ki mouri jedi, sitiyasyon an genyen pou li vin pi mal. »
XS
SM
MD
LG