Accessibility links

Breaking News

Ayiti - Jistis: Komisè Gouvènman Delille Tande Ansyen Prezidan Aristide Lakay li -- Reyaksyon


Nan dosye jistis prezidan ayisyen e lidè pati politik Fanmi Lavalas, Jean Bertrand Aristide, plizyè aktè nan klas politik la aplodi desizyon komisè gouvènman Pòtoprens la, mèt Lucmane Dellile, pran pou l ale entewoje Misye Aristide nan rezidans prive li nan Tabarre, tou pre kapital la, olye pou ansyebn lidè a te konparèt nan Pakè Tribinal sivil Pòtoprens la kote plizyè milye lavalasyen te gen tan ap manifeste.

Pami aktè politik sa yo, genyen Charles Henri Baker, lidè pati politik Respè, ki konsiddere desizyon Komisè Dellile la kòm yon aksyon saj.

Klike sou ikon agoch la pou w koute yon repòtaj Rotchild François Junior.
XS
SM
MD
LG