Accessibility links

Breaking News

Vwayaj Direktè Egzeketif Konpayi Entènèt Google a nan Kore di Nò


Direktè ekzektif konpayi entènèt Google, Eric Schmidt, ki mete fen jedi 10 janvye 2013 la nan yon vizit prive nan Kore di Nò, mande otorite peyi kominis sa a bay plis sitwayen posiblite pou yo sèvis ak entènèt la.

Msye Schmidt, ki tap pale nan ayewopò vil Peken an nan peyi Lachin, di li te pwofite de vwayaj la pou l avèti otorite nò-koreyen yo sou risk ki genyen, sou plan ekonomik la, si yo kontinye izole peyi a.

Msye Schmidt, ki te akonpaye ansyen anbasadè ameriken nan Nasyon Zini, Bill Richardson, nan kapital Kore di Nò a, ajoute delegasyon an pat rive rankontre ak prizonye amerikano-koreyen Kenneth Bae ke otorite yo nan Pyongyang menase pou yo jije pou sa yo konsidere kòm « krim kont leta », san yo pa presize ki kalte krim sa ye.
XS
SM
MD
LG