Accessibility links

Breaking News

Vizit Prezidan Afgan an, Hamid Karzai, Ozetazini


Prezidan Afganistan an, Hamid Karzai, kap vizite Washington, gen pou li rankontre Minis Defans ameriken an, Leon Panetta, epi Sekretè deta Hillary Clinton nan moman administrasyon Obama a ap chache detèmine avni prezans militè Lèzetazini nan Afganistan.

Msye Karzai gen pou li rankontre tou ak Prezidan Barack Obama pou yo diskite pwobableman sou kesyon ki gen rapò ak sekirite epi posibilite pou sòlda ameriken yo kite Afganistan nan ane 2014 la. Tout rankont sa yo ap dewoule jedi 10 desanm nan.
XS
SM
MD
LG