Accessibility links

Breaking News

Etazini-Politik : Plis Chanjman Pral Fèt nan Kabinè Prezidan Obama a


Ozetazini, Prezidan Barack Obama ap remèsye anpil manm kabinè ministeryèl li a kap kraze yon kite sa pandan l ap ajoute kèk nouvo vizaj sou lis pwòch kolaboratè li yo nan moman l ap pare pou l kòmanse yon 2èm manda 4 tran.

Prezidan an deja nonmen senatè demokrat e ansyen kandida a la prezidans John Kerry pou pòs Chèf Diplomasi Lèzetazini nan plas Madam Hillary Clinton kap bay demisyon n lè prezidan an va fin prete sèman. Se konsa tou, Misye Obama deja anonse chwa ansyen senatè repibliken Eta Nebraska, Chuck Hagel, pou plas Minis Defans nan plas Leon Panetta.

Pami lòt pòs ki rete pou ranpli yo, genyen : Pòs Minis Komès ak Minis Trezò, plis direktè Ajans pou Pwoteksyon Anviwonnman (abreje anglè : EPA) ke yo konsidere kòm yon fonksyon ministeryèl.

Prezidan Obama deja nonmen tou yon kandida pou plas direktè Ajans Ransèyman Lèzetazini an (CIA) : se aktyèl konseye pou kesyon anti-teworis la, John Brennan, aprè ansyen direktè a, jeneral David Petraeus, te bay demisyon n poutèt li mele nan yon afè ak yon fi sou kote alòske li se yon mouche marye.

Korespondan VOA, Jim Malone, fè konnen, trè souvan, lè yon prezidan ameriken ap kòmanse yon 2èm manda, li fè remaniman ministeryèl li ann akò ak minis kap kite administrasyon an.

Jim Malone di:
"Pòs ministeryèl yo se pòs ki egzijan e ki difisil anpil. Aprè 4 tran nan tèt yon depatman ministeryèl, anpil moun ap chache yon « break », yon poz; e otorite wo-plase yo fin pa konprann li lè, li tan pou yo pote san nèf nan gouvènman an… Se pètèt tou yon fason pou yo ranfòse ekip gouvènmantal la pou 2èm manda a. Istorikman, anpil prezidan konn rankontre gwo pwoblèm nan 2èm manda yo divès fason e pou divès rezon. Alòs, lè otorite yo pote san nèf nan gouvènman an, ak moun kap wè babay yo ak yon pèspektiv tou nèf, se yon jan pou yo pote enèji nèf pou reyalizasyon pwogram administrasyon an."

Lè Prezidan George W. Bush tap double sou pouvwa a an 2004, li te ranplase omwen 8 manm kabinè ministeryèl li a ki te bay demisyon yo.
XS
SM
MD
LG