Accessibility links

Breaking News

Afganistan : Yon sòlda Lame Britanik Mouri Anba Bal yon Manm Lame Afgan an

A German Bundeswehr armed forces Tiger attack helicopter flies next to the Marmal mountain near Camp Marmal in Mazar-e-Sharif, northern Afghanistan December 20, 2012. REUTERS/Fabrizio Bensch (AFGHANISTAN - Tags: MILITARY CONFLICT POLITICS)

Lame britanik fè konnen youn nan sòlda li yo mouri anba men yon manm yo sispèk kòm manm lame nasyonal Afgan an.

Ministè defans britanik la deklare madi 8 desanm nan, atakan an te brake zam sou sòlda entènasyonal yo nan yon baz militè ki nan pwovens Helmand, nan pati sid Afganistan, epi li te kòmanse tire.

Daprè otorite lokal yo, plizyè sòlda britanik blese nan atak la. Kòmandman l’OTAN nan Afganistan an di fiziyad sa a ki dewoule lendi 7 janvye a, se dènye nan yon seri ensidan ki fè pati, daprè sa otorite yo sispèk, sa ki rele atak entèn –sètadi atak sòlda afgan lanse sou sòlda etranje k ap travay avèk yo.

Atak sa yo ogmante seryezman nan Afganistan e yo te koze lanmò plis pase 60 sòlda etranje nan ane 2012 la
XS
SM
MD
LG