Accessibility links

Breaking News

Dout Sou Prezans Hugo Chavez Nan Seremoni Prestasyon Sèman li


President Hugo Chavez pandan yon konferans pou laprès nan palè Miraflores nan Caracas, Venezuela, 9 oktòb 2012.
President Hugo Chavez pandan yon konferans pou laprès nan palè Miraflores nan Caracas, Venezuela, 9 oktòb 2012.
Nicolas Maduro, Vis-prezidan Venezuela, deklare si Prezidan Hugo Chavez pa ta kapab prete-sèman jedi kap vini-an, li kapab toujou fè sa pita devan Kousiprèm nan.

Deklrasyon sa a, misye Maduro fè vandredi sou chèn televizyon Leta venezyelen an se petèt yon siy ki endike prezidan Chavez / kap batay ak yon maladi kansè nan Kiba / ka pa kapab patisipe nan seremoni prestasyon sèman li devan Asanble nasyonal la jedi 10 janvye a.

Remak vis-prezidan Maduro a louvri posibilite pou chire-pit eklate ant gouvènman an ak opozisyon an sou legalite pou yo ta “difere” prestasyon sèman prezidan an ki dwe fèt le 10 janvye dapre konstitisyon venezyelen an.

Lidè opozisyon an deklare enkapasite prezidan Chavez pou’l pran pa nan seremoni 10 janvye a, se kòmkidire prezidan an demisyonnen. Yo reklame plis enfòmasyon sou eta sante misye Chavez.
XS
SM
MD
LG