Accessibility links

Breaking News

Akò Ant Mezon Blanch la Ak Opozisyon Repibliken Nan Sena a Sou Falèz Fiskal la


An Iraqi policeman stands near burning vehicles moments after one in a series of bombs hit the Shiite stronghold of Sadr City, in Baghdad, Iraq, killing tens.
An Iraqi policeman stands near burning vehicles moments after one in a series of bombs hit the Shiite stronghold of Sadr City, in Baghdad, Iraq, killing tens.

Mezon Blanch lan ak opozisyon repibliken nan Sena a jwenn yon akò "dènye minit" nan nuit lendi pou louvri madi premye janvye 2013 la sou kesyon ogmantasyon taks ak rediksyon otomatik depans gouvènman federal la–yon devlopman ki ka pèmèt peyi Etazini evite jodi a "falèz fiskal la".

Kounye a rete pou Repibliken nan Chanm Depite a, kote opozison repibliken an gen majorite kontrèman ak nan Sena a, apwouve dokiman an. Prezidan Barack Obama bat bravo pou vòt Sena a anfavè akò a e li mande depite yo swiv egzanp Gran Kò a "san pèdi tan".

Lendi swa, apre anpil negosyson difisil, vis-prezidan Joe Biden ak lidè minorite républiken nan Sena a, senatè Mitch McConnell, siyen yon konpwomi pou ogmante taks sitwayen ameriken "kap byen mennen yo" epi ranvwaye pou 2 mwa tout rediksyon (mezi osterite mare-senti) nan bidjè depans gouvènman an.

Sena a vote pwoposition an avèk yon gwo majorite: 89 vwa pou, 8 kont.

Si chanm bass la apwouve dokiman an tou madi premye janvye a, peyi Etazini va evite konsekans "falèz fiskal la, sètadi gwo ogmantasyon taks pou tout kontribyab ameriken, akòz e paske tout egzanpsyon fiskal prezidan George W. Bush te bay pandan administrasyon li a, sa genyen anviwon yon dizèn lane, rive nan bout yo e gouvènman an oblije koupe anpil nan depans li, jan yon akò Kongrè a te adopte an 2011 egzije li. An 2 mo 3 pawòl, sa yo rele Ozetazini: Fiscal Cliff ou Falèz Fiskal la.

XS
SM
MD
LG