Accessibility links

Breaking News

FALEZ FISKAL: JOU " F " MWENS 4 OZETAZINI ...


Lidè majorite demokrat nan Sena a, Harry Reid. Foto achiv
Lidè majorite demokrat nan Sena a, Harry Reid. Foto achiv
Chak jou ki pase mete Lèzétazini pi pre falèz fiskal la-- yon melanj ogmatasyon taks ak gwo rediksyon nan depans gouvènman federal la sou tout laliy, yo sitiasyon ki byen kapab lage peyi a nan yon nouvo resesyon.

Pandan li te pran lapawòl nan chanm wot la Jedi 27 desanm nan, lidè majorite sena a, democrat Harry Reid plede anfavè yon solisyon pou pwoblèn nan, e li pwofite lanse kèk kòmantè piman bouk sou prezidan chanm dè reprezantan, depute republiken John Boehner ak rès palmantè republiken yo.

”Depute yo pa nan Washington, D.C, yo pa isit la. Yo pat menm rive rasanble lidèchip la nan kan republiken an mèkredi”…. John Boehner gen plis kè-sote pou l mentni pòs prezidan Lachanm li an ke kenbe nasyon an sou yon teren finansye ki djanm. Sa a klè mesye le prezidan… sa k ap pase konsa a? » .

Sepandan, sa k parèt klè tou nan zye analis politik yo isit Washington, sè ke palmantè yo ap mennen politik pou ranfòse apui ak enfluyans yo. Redaktè anchèf òganizasyon sondaj Gallup, Frank Newport, di pi gwo venkè nan meli-melo falèz fiskal la, se prezidan Barack Obama.

Mesye Newport di « pou kounye a, kot popilarite prezidan Obama monte ase wo akoz fason li jere dosye falèz fiskal la. Anfèt , nan jou ki sot pase yo, kot li monte 17 wotè poul rive nan nivo li te atenn lè li te fèk pran pouvwa a kòm prezidan Lèzétazuni.
Bò kote pa’l, Don Kettle, ki se dwayen fakilte politik leta nan Inivèsite Maryland nan fè konnen bout pou bout sa politisyen yo ap cheche, se parèt kòm venkè nan kriz fiskal la, sèlman sa pa fasil tankou anvan.

« Genyen kèk ti « sikdòj » yo te kapab voye anlè pou palmantè atrap, tankou yon nouvo baraj dlo pou sikonskripsyon tèl depite, yon nouvo otowout pou rejyon yon lòt, yon ti pwogram rechèch depute entèl-entèl tap chache. Etan done se yon kesyon budjè kap pale la a, bann ti pwojè douss kou siwo sa yo pap kapab fè surfas nan negosyasyon sou falèz fiskal la".

Antretan, pou travayè ameriken yo, falèz fiskal la reprezante mwens lajan pou yo depanse, paske patwon yo pral kòmanse retire plis lajan taks kounye a sou chak chèk anplwaye ap touché.
XS
SM
MD
LG