Accessibility links

Breaking News

OMS Kanpe yon Kanpay Vaksinasyon Kont Polyo nan Peyi Pakistan Akoz Vyolans


Pakistan / Polio
Pakistan / Polio
Responsab Oganizasyon mondyal Lasante(OMS) kanpe kanpay vaksinasyon kont polyo yo t ap fè nan Pakistan apre 8 moun pou pipiti mouri nan yon seri atak sou anplwaye ki tap patisipe nan kanpay la.

Jodi Mèkredi 19 desanm nan, OMS ak UNICEF mande travayè lasante yo pou sispann pwogram vaksinasyon an nan tout peyi a. La polis fè konnen yon fi ak chofè li mouri apre yo te resevwa yon ba l nan vil Charsadda, nan nò peyi Pakistan.

Pèson pa konnen si militan Taliban yo ta jwe yon wòl nan atak sa yo.
XS
SM
MD
LG