Accessibility links

Breaking News

Yon Jèn Ekriven Ayisyen Ranpòte Pri Piblik la nan Konkou Radyo Kanada


Thelyson Orelien, yon jèn ekriven ayisyen k ap etidye O Kanada ranpòte pri piblik la nan konkou Radyo Kanada te òganize nan kad seri “ Les écrivains et la Science, Petites découvertes, grandes revelations ’’.

Dapre règleman konkou a a ekriven te dwe itilize 500 mo pou rakonte rankont li ak lasyans e lateknoloji.

Jèn ekriven ayisyen an ki deja ranpòte lòt pri nan nivo entènasyonal te rele tèks li a «Où va Le Monde ? » pou l reponn defi Zone d’Ecriture Radio Canada a.

Telyson ki te pami 18 finalis, gen pou patisipe nan remiz pri yo nan ofis Gouvènè Jeneral Kanada a , onorab David Johnston.

Jacquelin Bélizaire te resevwa Thelyson Orelyen kòm envite nan Fowòm Jèn. Klike sou ikon agoch la pou suiv pwogram nan.
XS
SM
MD
LG