Accessibility links

Breaking News

Yo Chante Antèman Kèk nan Viktim yon Fiziyad nan Eta Connecticut


Nan Eta Connecticut, nan pati nòdès Lèzetazini, vil Newtown tanmen yon travay difisil kote kominote a ap chante antèman kèk pami 20 ti elèv jaden danfan ak 6 pwofesè yon nèg te touye vandredi pase a nan lekòl primè vil la, Lekòl Sandy Hook.

Ti elèv yo te genyen 6 zan ak 7 tan. Yon pòtpawòl polis lokal-la, lyetnan Paul Vance, fè konnen otorite yo toujou konsidere lekòl la kòm yon anplasman krim ki anba kontwòl lapolis e detektiv ap travay 24 sou 24 sou trajedi a. Daprè Misey Vance toujou, gen 2 gran moun ki te pran bal nan fiziyad la e ki pa mouri.

Yè dimanch la, Prezidan Barack Obama te fè deplasman pou l t’ale vizite vil Newtown nan yon efò pou l remonte moral yon kominote ki sibi gwo chòk aprè sa k pase nan jounen vandredi 14 desanm pase a. Lidè ameriken an -- ki patisipe nan yon seremoni-souvni nan lokal lekòl primè kote asasina an seri yo te rive a -- di abitan vil la ke yo pa dwe panse yo pou kont yo pandan yap viv trajedi sila a.

Lidè plizyè relijyon, tankou katolik, episkopal, pwotestan, Jwif, mizilman, la Foi Bahai, elatriye, te pran lapawòl nan seremoni sa a.

Prezidan Obama deklare li pral fè tout sa l kapab pou prevni kalte trajedi sa yo.

Klike sou ikon ki agoch atik la pou w tande yon repòtaj sou fiziyad ki te fèt nan lekòl Sandy Hook nan Newtown eta Connecticut.
XS
SM
MD
LG