Accessibility links

Breaking News

Siri - Kriz Politik: Moskou Demanti Li ta Anonse Viktwa Opozisyon an Sou Prezidan Assad


« Politik Moskou vizavi peyi Siri pa chanje. » Se yon deklarasyon ki sòti nan Ministè Afè Etranjè a nan kapital ris-la aprè yon gwo diplomat ris ta swadizan deklare opozisyon an pral ranpòte laviktwa sou Prezidan Bashar al-Assad.

Vis-minis afè etranjè ris la, Mikhail Bogdanov, ki tap abòde dosye a vandredi maten, fè konnen ministè a pa bay okenn entèvyou espesyal, ni li pa fè okenn deklarasyon bay laprès, sou Siri nan 2 zou 3 jou ki pase yo.

Jedi 13 desanm 2012 la, laprès nan Larisi te site misye Bogdanov ki ta di kòmkwa Prezidan Assad ap pèdi kontwòl tèritwa siryen an pezape e li pa enposib pou opozisyon an ranpòte laviktwa sou rejim li a.
XS
SM
MD
LG