Accessibility links

Breaking News

Prezidan Obama ak Prezidan Chanm Depite a, Jonh Boehner, Abòde Kriz fiskal la


Nan Washington, Prezidan Barack Obama te pran kontak nan telefòn byen ta madi 11 desanm 2012 la ak prezidan Chanm dè Reprezantan an, Depite Repibliken John Boehner, nan kad negosyasyon lidè repibliken nan Kongrè a ak La Mezon Blanch ap fè pou wè si yo ka evite peyi a tonbe anba yon falèz fiskal (kote taks kapab monte otomatikman, epi kèk pwogram sosyal kapab elimine otomatikman tou), si otorite nan 2 kan yo pa rive jwenn yon antant anvan premye janvye 2013.

Se konsa 2 pati yo vini ak kèk nouvo pwopozisyon e kont-pwopozisyon. Otorite nan Administrasyon Obama a konfime nouvèl ki pale de konvèsasyon telefonik la, aprè detay te parèt sou yon òf tou nèf La Mezon Blanch fè pou pèmèt negosyasyon yo pouse pou pi devan.

Daprè yon pwòch kolaboratè Prezidan Obama, òf sa a te ale jwenn lidè yo nan Kongrè a depi lendi 10 desanm nan, swa yon jou aprè Prezidan Obama ak Misye Boehner te fè premye rankont fas-a-fas yo sou dosye a.
XS
SM
MD
LG