Accessibility links

Breaking News

Prezidan Obama ap Mennen Kanpay an Favè Plan Taks li a


Prezidan ameriken an Barack Obama vizite zòn endistriyèl peyi a lendi 10 desanm nan pou l men-nen kanpay an favè ogmantasyon taks sou kontribyab rich yo pou evite yon kriz nan fen ane a sou politik finansye gouvènman an.

Msye Obama, ki sot re-eli pou yon nouvo manda katran, pwononse yon diskou an prezans travayè endistri otomobil la nan Michigan. Prezidan an ap chache plis sipò sou plan li genyen pou evite menas yo rele isit Washington yon Falèz fiskal 600 milya dola ogmantasyon taks ak rediksyon depans k ap afekte prèske tout travayè ameriken yo apati de 1 Janvye 2013.

La Mezon Blanch vle mete fen nan rediksyon taks kontribyab rich yo ap benefisye sitou moun ki reyalize plis pase 250 mil dola pa ane.

Prezidan Obama di: “Siksè ekonomik peyi a pa janm soti anwo pou desann anba men pito nan mitan pou l etann li. Siksè a soti anba pou rive anwo. Siksè a soti pami nou menm k ap travay di. "

Advèsè Repibliken yo nan Kongrè a vle de preferans ogmantasyon taks sou tout moun kèlke swa nivo salè yo.
XS
SM
MD
LG