Accessibility links

Breaking News

Ayiti - Envestisman: 2 Omdafè Ayisyen Pataje Eksperyans yo Avèk Envestisè Potansyèl Ayisyen - Ameriken yo


Anbasad Dayiti nan Washington, DC akeyi semèn sa a 2 òm dafè ayisyen, Charles Clermont ak Valery Numa, pou yon diskisyon sou envestisman nan repiblik karibeyen an. Diskisyon ant antreprènè ak envestisè potansyèl sa a antre nan kad “diplomasi biznis” gouvènman aysiyen ap ankouraje ann Ayiti a--- yon politik ki gen pou objektif pwomosyon envestisman nan peyi a.

Jounalis e òmdafè Valery Numa ki komanse jwenn bon rezilta nan sektè restoran ak otèl la pataje eksperyans li sou teren an avèk plizyè envestisè ki tap patisipe nan tabwond la. Mesye Numa deklare : « Ti ak mwayèn antrepriz se yon ‘’planche de salut’’ pou Ayiti antèm kreye travay. »

Omdafè Charles Clermont, ansyen direktè direktè Gwoup Sogebank, manm fondatè izin elektrik E-Power e an menmtan vis-prezidan Sosyete finansyè pou Devlopman, SOFIDES, te montre opòtinite Soyete sa a ofri potansyèl envestisè nan diaspora a ki ta vle al monte yon ti oubyen yon mwayèn antrepriz ( PME ) ann Ayiti. Misye Charles Clermont di premye demàch yon posib antreprenè nan diaspora a ta dwe fè se jwenn bon jan enfòmasyon li ka fè konfyans. E nan sans sa a, pa genyen pi bon kote pou li chèche enfòmasyon sa a ke bò kote anbasad li.

Omdafè Marcel Wah, k ap dirije konpayi envestiman“The Diaspora Gwoup” (Gwoup Diaspora a) ki nan Washington, DC, fè konnen : «enterè kominote entènasyonal la nan diplomasi biznis gouvènman ayisyen an ap ankouraje a se 2 gwo motivasyon pou posib envestisè nan diaspora a. Sepandan, reponsab ayisyen yo dwe fè plis efò pou leve 2 obsak ki kanpe sou wout envestisè yo : « mank kominikasyon avèk aksè nan bon jan enfòmasyon. »

Fè yon klik sou ikòn mp3 ki anba atik sa a pou nou tande yon rezime diskisyon sa a
XS
SM
MD
LG