Accessibility links

Breaking News

Ejip - Kriz Politik: Prezidan Morsi Radikalize Pozisyon n


Nan peyi Lejip, lame ap pran dispozisyon pou l ranfòse sekirite alantou palè nasyonal la, nan moman opozisyon an lanse apèl pou l mande plis manifestasyon kont prezidan Mohamed Morsi.

Nan kòmansman jounen 7 desanm 2012 la, yon sòlda te kòmanse plase blòk an beton ak kloti an fil de fè toutotou perimèt palè a nan kapital la, Lekèr.

Otorite yo pran nouvo mezi sekirite sa yo kèk èdtan aprè Prezidan Morsi te fè yon diskou nan televizyon kote li fè pèp la konnen li pap tolere zak asasina ni sabotaj, e li ensiste pou l di dyalòg se sèl solisyon pou kriz konstitisyonèl peyi a ap travèse a.

Misye Morsi di:
“Mwen pap janm pèmèt pèsonn touye moun ni detrui enstalasyon piblik yo. Mwen pap janm sede devan sila yo kap mande ranvèsman yon gouvènman pèp la te eli lejitimman, ranvèsman yon pwojè sosyete pèp la te chwazi an tout libète. »

Mohamed Morsi kontinye pou l di gen 7 moun ki mouri tansike plis pase 700 lòt blese depi manifestasyon yo te kòmanse.
XS
SM
MD
LG