Accessibility links

Breaking News

Ayiti : Nan Vil Okay, Otorite yo Vle Demantle Oganizasyon “Lepolis”


Nan vil Okay, nan Depatman Sid Ayiti, yon gwoup jèn gason ki rele tèt yo “Lepolis” anonse y ap pran tout dispozisyon ki nesesè pou yo defann tèt yo, si otorite yo ap pèsekite yo.

Lidè mouvman sa a fè anons la nan moman popilasyon an fè konnen kè-sote pou prezans gwoup sa a pa kreye plis dezòd nan peyi a, pi espesyalman nan rejyon sid la. Aksyon piblik deja an mouvman kont sitwayen ki fè pati òganizasyon « Lepolis ».

Klike sou ikon agoch la pou w koute detay avèk korespondan nou nan vil Okay, Jean Herns Eliscar, ak lòt repòtaj sou aktyalite a ann Ayiti.
XS
SM
MD
LG