Accessibility links

Breaking News

Ejip - Politik : Plis Manifestasyon kont Gouvènman Prezidan Morsi a


Nan vil Lekèr, kapital peyi Lejip, manifestan pran pozisyon sou Plas Tahrir la e devan palè nasyonal la nan Lekèr pou yo egzije demisyon Prezidan Mohamed Morsi. Lapolis te eseye anpeche foul la pran daso palè a kote misye Morsi tap travay nòmalman. Finalman, polisye yo fè bak e yo kite manifestan yo antre nan yon baryè oubyen fofile kò yo atravè mi edifis la. Daprè otorite yo, prezidan an rive kite palè a pandan manifestasyon an tap dewoule a.

Nan yon mouvman menm jan ki dewoule madi 4 desanm nan, pafwa manifestan yo te chante kèk nan slogan yo te itilize lè yo te pran lari pou yo patisipe nan operasyon leve-kanpe ki te debouche sou ranvèsman gouvènman gwo-ponyèt prezidan Osni Mubarak la. Yo fè konnen mouvman yo mete sou pye semen sa a se dènye avètisman yo lanse bay Prezidan Morsi pou l kase yon dekrè li te pibliye mwa pase a e ki ba li plen pouvwa.

Youn nan manifestan yo, Magdi Oweyan, pale pou l di:
"Mwen isit la jodiya pou m di prezidan an : « Se sa, ou se pa sa. » Nou te pèdi anpil mati nan revolisyon 5 janvye a e nou pare pou n pèdi plis mati toujou pou n debarase nou ak rejim fachis sa a."

Madi a, anpil jounal ejipsyen te deside pa parèt pou yo montre solidarite yo ak manifestan yo… sètadi pou yo afiche opozisyon yo ak dekrè ki bay Prezidan Morsi yon pouvwa preske san limit e ki mete baboukèt tou sou libète laprès. Gamal Fahmy se manm yon sendika jounalis ejipsyen.

Li fè konnen:
"Gen 23 jounal ki pa parèt jodi a; e demen kèk nan chèn televizyon ki pi enpòtan yo pral kite ekran yo tou blanch yon fason pou nou pwoteste kont atak fawouch Pati Fratènite Mizilman fachis la lanse kont dwa ak libète pèp ejipsyen an. "

Anpil nan manifestan yo fè sèman yo pap sispann pwoteste toutotan Prezidan Morsi pa pran desizyon pou li aboli dekrè li te fè pibliye mwa pase a e ki ba li yon pouvwa ki plase li sou tèt lajistis.
XS
SM
MD
LG