Accessibility links

Breaking News

Prezidan Gouvènman Timoun yo Mena Sterling :Envite Pawòl Timoun


20 novanm ki sot pase la a se te Jounen Entènasyonal Dwa Timoun ki te dewoule sou tèm : « Timoun se Boujon Lespwa”.

Nan okazyon an anpil òganizasyon lokal, entènasyonal e etatik nan peyi Dayiti te mete tèt yo ansanm pou reyalize plizyè aktivite ki te vize sitiyasyon dwa timoun nan peyi a .

Youn nan moman kle jounen an se te Konsèy dè minis gouvènman timoun yo kote minis ti gouvènman an te eksprime rèv yo ta renmen administrasyon Martelly-Lamothe la reyalize pou chanje kondisyon timoun yo.

Nan tèt gouvènman timoun yo nou jwen Mena Sterling , 13 zan prezidan , Rose-Bianca Lauture , 12 zan san bliye sekretè jeneral primati timoun nan Dawoudly Denis .

Klike sou ikon ki agoch la pou W koute yon pwogram Pawòl Timoun kote prezidan gouvènman timoun yo Mena Sterling ap reponn kesyon Jacquelin Belizaire .
XS
SM
MD
LG