Accessibility links

Breaking News

Etazini : Repibliken ak Demokrat yo Poko Jwenn yon antant sou Falèz Fiskal la


Isit Ozetazini, negosyatè Prezidan Obama yo rankontre ak plizyè lidè enpòtan nan Kongrè ameriken an pou yo diskiste sou fason yo rezoud kèk kesyon ki gen rapò ak finans gouvènman an, nan moman delè pou « falèz fiskal la » prèt pou rive nan bout li.

Minis trezò Etazini an, Timothy Geithner, fè chita tande ak John Boehner, prezidan Chanm depite a ki anba kontwòl repibliken yo. Diskisyon yo te santre sou ki jan gouvènman an ka evite yon mezi otomatik ki pral’ oblije l koupe 600 milya dola nan depans li epi ogmante taks kontribyab yo.”

Prezidan Obama tanmen yon virewon vandredi 30 novanm nan pou l fè kanpay anfavè plan li an e chèche apui piblik la pou evite peyi a tonbe nan yon kriz fiskal.

Mesye Obama ap vizite yon faktori jwèt nan eta Pensilvani. Si Mezon Blanch pa jwenn yon antant ak Kongrè a sou dosye sa a, mezi ki prevwa rediksyon depans leta yo ak ogmantasyon taks ssitwayen yo ap antre ann aplikasyon premye janvye 2013 la.

Depite John Boehner deklare se yon ti kras progrè ki fèt nan negosyasyon yo pandan ke lidè majorite demokrat nan Sena a, Harry Reid, fè konnen li toujou ap tann yon pwopozisyon serye nan men repibliken yo.
XS
SM
MD
LG