Accessibility links

Breaking News

Etazini-Ekonomi : Menas Gwo Pwoblèm Fiskal nan 23 Jou


Senp sitwayen ameriken nan La Mezon Blanch, mèkredi 28 novanm 2012, pou koute Prezidan Barack Obama nan yon diskou sou pwoblèm fiskal Lèzetazini ap konfwonte
Senp sitwayen ameriken nan La Mezon Blanch, mèkredi 28 novanm 2012, pou koute Prezidan Barack Obama nan yon diskou sou pwoblèm fiskal Lèzetazini ap konfwonte
Ozetazini, nan moman rete 32 jou pou peyi a fè fas ak yon ogmantasyon taks otomatik, plis yon gwo bès nan depans leta federal la si negosyasyon pa rive anpeche peyi a tonbe anba yon falèz fiskal, lidè sektè komès ak endistri a ap fè presyon sou Kongrè a pou l pase alaksyon tandiske La Mezon Blanch konvoke kèk senp sitwayen pou li konnen opinyon yo sou gwo pwoblèm nasyonal sa a.

Lidè demokrat ak repibliken nan 2 chanm yo te genyen tout ane a pou yo te jwenn yon solisyon pou pwoblèm nan, men yo pat rive antann yo sou sa. Mèkredi 28 novanm 2012 la, PDG kèk gwo konpayi te prezan sou Kapitòl la pou yo te mete yon mesaj klè devan depite ak senatè yo –mesaj ki di:

«Chache jwenn yon antant pou n redui defisi federal la kounyela menm, oubyen nap responsab move konsekans sa pral genyen sou ekonomi an ane pwochèn nan. »

Youn nan prezidan-direktè-jeneral sa yo, se Mark Betolini, youn pwopriyetè konpayi asirans AETNA. Misye Bertolini -ki pale ak après nan jounen mèkredi a- di:
« Rete 802 zèdtan sèlman pou n fè fas ak yon gwo pwoblèm ki kapab lage peyi a nan yon lòt resesyon, epi kite pèp la san travay. Nou pa ta renmen wè sa rive. »

Sepandan, jiskaprezan lidè repibliken nan Kongrè a ak La Mezon Blanch pa sanble yo sou wout pou yo jwenn yon antant sou yon solisyon: youn ta renmen ogmante taks sou moun rich yo kòm solisyon (se administrasyon Obama-a); e lòt la (kan repibliken an) rejte tout lide konsa, paske, daprè li, sa ta kapab lakoz peyi a pèdi travay. Sou pwen sa a John Thune, yon senatè repibliken, deklare –nap site:

“Pwopozisyon prezidan an fè pou anpeche peyi a tonbe anba falèz fiskal la, tap oblije nou ogmante taks sou preske yon milyon ti biznis ki anplwaye 25 pou san moun kap travay nan peyi a. Se pa yon pwopozisyon nou ka aksepte.”

Yon kòlèg demokrat Misye Thune, Patty Murray, pa pataje opinyon sa a; daprè li, plan repibliken yo pwopoze pou elimine falèz fiskal la, ta kapab genyen move konsekans sitou sou fanmi pòv yo ak klas mwayèn nan. Senatè Murray fè konnen:

“Mwen pap apiye yon antant ki ta lage fado rediksyon defisi a sou do fanmi ak kominote ki deja oblije fè divès sakrifis deja.”

Sa gen 2 semèn, Prezidan Obama te rankontre ak lidè kongrè a (demokrat kou repibliken) pou premye nan yon seri konsiltasyon sou mwayen pou yo redui dèt nasyonal la. Depi lè sa a yo pa genyen okenn lòt rankont fas-a-fas sou pwogram yo.
XS
SM
MD
LG