Accessibility links

Breaking News

Ayiti: Lansman yon Enstitisyon pou Kowòdone Ed Entènasyonal la


Nan peyi Dayiti, lendi 26 novanm 2012la, gouvènman Martelly-Lamothe la lanse ofisyèlman yon nouvo enstitisyon pou kowòdone èd entènasyonal la.

Non nouvo biwo sa a se « Cadre de Coordination de l’Aide Externe au Développement (CAED) » e li pral ranplase « Commission Intérimaire pou La Reconstruction d’Haiti (CIRH) » ki te rive nan fen manda li e ki pat rive jwenn renouvèlman palman an.

Pami diyitè ki te asiste seremoni lansman CAED la, te genyen Anbasadè Thomas Adams, kowòdonatè espesyal Depatman Deta pou Ayiti.

Klike sou ikon ki agoch la pou w koute yon repòtaj korespondan nou Rotchild François Junior.
XS
SM
MD
LG