Accessibility links

Breaking News

Izrayèl - Politik: Minis Defans Ehud Barak Deside Kite Politik


Minis defans izrayelyen an, Ehud Barak, pran yon desizyon ki etone anpil moun lè li fè konnen li pa pral patisipe nan eleksyon ki gen pou dewoule nan mwa Janvye k ap vini an; men lap rete nan pòs li jiskaske peyi a va genyen yon nouvo gouvènman .

Msye Ehud Barak ki gen 70 zan e ki se yon ansyen premye minis deklare li fatige ak vi politik la e li ta renmen pase plis tan avek fanmiy li. Li ajoute li vle fè plas pou lòt moun ki vle sèvi kòm dirijan peyi a.
XS
SM
MD
LG