Accessibility links

Breaking News

Siri : Batay Fewòs nan Pati Sid Damas


Nan peyi Siri, militan yo fè konnen gwo batay fewòs ap dewoule ant fòs gouvènmantal yo ak militan rebèl yo pou wè kilès kap pran kontwòl pati sid kapital la, Damas.

Goumen sa yo pete nan moman prezidan palman peyi Iran an, Ali Larijani, twouve l nan Damas pou l fè chita-tande avèk Prezidan Bashar al-Assad.

Militan dwamoun siryen, ki tap abòde sitiyasyon jeneral la nan peyi yo yè jedi 22 novanm nan, deklare plis pase 40 mil moun deja pèdi lavi yo nan konfli a depi mouvman leve-kanpe a te kòmanse kont rejim Assad la nan mwa mas 2011.

Obsèvatè Siryen Dwa Moun nan di Lavwad Lamerik, pami moun ki mouri yo, 28 mil se sivil ak konbatan rebèl.

Chif la genyen tou 10 mil sòlda ki t ap defann gouvènman an, anviwon 1400 militè ki te chanje kazak pou yo antre nan kad rebèl yo, plis 600 moun yo pa rive idantifye.
XS
SM
MD
LG