Accessibility links

Breaking News

Selebrasyon Thanksgiving Day, ou Jou Aksyon de Gras, Ozetazini


Prezidan Barack Obama avèk 2 pitit fi li Sasha (adwat) ak Malia. Li swiv yon tradisyon nan okazyon Thanksgiving nan lè li bay 2 kodenn yon "padon prezidansyèl" ( 21 novanm 2012).
Prezidan Barack Obama avèk 2 pitit fi li Sasha (adwat) ak Malia. Li swiv yon tradisyon nan okazyon Thanksgiving nan lè li bay 2 kodenn yon "padon prezidansyèl" ( 21 novanm 2012).
Jedi 22 novanm nan, se yon jou konje Ozetazini kote ameriken yo ap selebre Thanksgiving Day ou Jou Aksyon de Gras. Se yon jou ki gen yon plas espesyal nan istwa ak lavi pèp ameriken an kote manm fanmi sòti tout kote pou yo reyini pou yon dine san parèy; prensipal eleman nan manje sa a se vyann kodenn avèk divès lòt eleman ki akonpaye kodenn nan. Daprè youn nan kalkil ki fèt yo, plis pase 43 milyon moun fè deplasman sou yon distans 80 kilomèt omwen pou yo patisipe nan rankont familyal kap dewoule ant jounen jedi a ak dimanch.

Sepandan, genyen lòt aktivite ki toujou fè pati selebrasyon jounen espesyal sa a ; san bliye sèvis legliz, akvite pou jèn yo avèk jwèt football pwofesyonèl ameriken an. Nan okazyon an, yon gwo konpayi ki rele Macy’s e ki genyen yon chèn magazen atravè peyi a, toujou òganize yon parad, yon defile wololoy nan vil New York kote gwo balon gonfle akonpaye parad la, yon parad ki pase nan televizyon avèk divès òkès kap simaye bon jan mizik pou amizman tout moun atravè peyi a.

Daprè tradisyon, premye selebrasyon Thanksgiving nan te dewoule nan lane 1621 lè premye kolon ameriken yo te òganize fèt espesyal pou yo selebre e di Bondye mèsi deske Li ta ba yo bon rekòt apre yon peryòd kote plantasyon yo pat bay randman ditou akoz yon sezon ivè tèrib. Plis pase yon syèk apre sa, nan lane 1789, premye prezidan peyi a, George Washington, te deklare jou a “yon jou konje nasyonal”.

Aktyèl prezidan Lèzetazini an, Barack Obama ki fèk ranpòte yon 2èm manda sou pouvwa a, swiv yon tradisyon nan jounen mèkredi a kote li padone 2 kodenn ki rele Cobbler ak Gobbler pou pèsonn pa touye yo e mete yo sou tab –an tou ka pa ane sa a. Misye Obama pale pou l di 2 kodenn sa yo pral kontinye viv pami gwo zwazo parèy yo sou yon plantasyon ki te pwopriyete Prezidan Washington, an palan de Abitasyon Mount Vernon ki tou pre kapital federal Lèzetazini an.

Nan okazyon Thanksgiving 2012 la, Prezidan Obama lanse apèl bay konpatriyòt ameriken li yo pou l mande yo, menm lè yap selebre jou konje sa a, fè tout sa yo kapab pou yo ede sila yo ki nan bezwen –pami yo gen moun ki te pèdi kay yo sa pa gen lontan pandan pasaj move tan Sandy sou pati nòdès peyi a.

-------------------------------------------------------------------------------------------------
NB.- Sèvis Kreyòl VOA prepare kèk segman espesyal nan okazyon Fèt Aksyon de Gras la (Thanksgiving Day) Ozetazini.
XS
SM
MD
LG