Accessibility links

Breaking News

Konfli Ame a ap Kontinye ant Izrayèl ak Militan Palestinyen yo


 Premye Minis Izrayèl la, Benjamin Netanyahu, ap mache bò kote Sekretè Deta ameriken an, Hillary Rodham Clinton, anvan yon rankont nan Jerizalèm, (20 novanm 2012).
Premye Minis Izrayèl la, Benjamin Netanyahu, ap mache bò kote Sekretè Deta ameriken an, Hillary Rodham Clinton, anvan yon rankont nan Jerizalèm, (20 novanm 2012).
Kout zam kontinye sòti sou tou lè 2 bò fwontyè ant Izrayèl ak tèritwa Gaza a nan moman efò diplomatik sou pye pou mete fen nan konfli sa a ki deja touye 130 palestinyen ak 5 izrayelyen. Pandansetan chèf diplomasi Lèzetazini an, Hillary Clinton, pran avyon madi 20 novanm nan pou li ale nan peyi Izrayèl, nan Ramallah, kapital Gaza, e nan vil Lekèr, kapital peyi Lejip, pou li rankontre ak lidè rejyonal yo sou konfli a ki rive sou 8èm jounen li.

Sekretè Deta Clinton deja rankontre ak Premye Minis izrayelyen an, Benjamin Netanyahu, nan vil Jerizalèm kote 2 ofisyèl yo pase 2 zèdtan ap diskite sou sitiyasyon chaje tansyon ki egziste sou fwontyè Izrayèl ak Gaza a. Madam Clinton te pale de rezon-dèt deplasman n nan nan yon rankont ak laprès an prezans misye Natanyehu ak lòt otorite izrayelyen. Sekretè Deta a di:

“ Lèzetazini pral travay ak patnè nou genyen isit la e atravè rejyon an pou n jwenn yon solisyon ki debouche sou sekirite pou pèp izrayelyen an, ki amelyore kondisyon yo pou moun kap viv nan Gaza epi pèmèt nou avanse sou wout yon lapè global pou tout pèp ki nan rejyon an.”

Daprè La Mezon Blanch, Madam Clinton ap santre atansyon n sou enterè Lèzetazini nan rechèch yon solisyon pasifik pou konfli a. Asistan konseye nan Konsèy Sekirite Nasyonal Lèzetazini an, Ben Rhodes, ki tap pale de konsekans posib vwayaj sekretè deta Clinton nan kapab genyen sou konfli a, deklare:

“Sa ki enpòtan an, se konnen kisa ki nan enterè chak pati. Li pa nan enterè Palestinyen yo ni moun kap viv nan Gaza yo pou konfli a vin pi grav; paske sa kapab genyen konsekans ki grav anpil-anpil.”

Nouvèl ki te sòti nan Gaza madi 20 novanm nan te fè konprann efò diplomatik yo sanble rive jwenn yon seselfe ki te dwe kòmanse nan fen jounen an. Daprè sous la, se peyi Lejip ki ta rive jwenn antant la e anons seselfe a fèt nan vil Lekèr. Sepandan chèn televizyon CNN rapòte Israyèl rejte anons la e li di negosyasyon sou antant la ap kontinye toujou. Ann atandan, lame Izrayèl la fè yon kanpe sou plan li genyen pou l lanse yon envazyon pa tè sou tèritwa Gaza a.
XS
SM
MD
LG