Accessibility links

Breaking News

RDK Mande Sanksyon Kont Rwanda


Otorite nan Repiblik Demokratik Kongo, mande sanksyon kont Rwanda apre yon dènye afwontman ki rive nan vil kongolèz Goma , kote disidan RDK yo te jwenn apwi Rwanda.
Gwoup konbatan M23 yo twouve yo kwense nan Goma apre sòlda mentyen lapè Nasyonzini yo ak sòlda gouvènmantal yo te fè yo fè bak .

Rwanda kontinye demanti nouvèl ki fè konnen kòmkwa l ap apwiye rebèl disidan yo. Anbasadè peyi Lafrans nan Nasyon Zini Gerard Araud kritike gwoup M23 ke li akize dèske se li ki ta deklannche afwontman yo.

Diplomat la ajoute La Frans pral pote devan òganizasyon mondyal la yon rezolisyon ki kondane konbatan M23 yo e mande sanksyon pou lidè gwoup rebèl la.
Minis enfòmasyon RDK a, Lambert Mende, di Lavwadlamerik sanksyon yo nesesè pou mete fen nan batay yo.
XS
SM
MD
LG