Accessibility links

Breaking News

Kolonbi: FARC Anonse l ap Obsève yon Seselfe


Rebèl Fòs Zame Revolisyonè Kolonbyen yo, FARC, anonse yo deside nan kan pa yo obsève yon seselfe pou yon peryòd 2 mwa, nan moman reprezantan gouvènman kolonbyen an ak reprezantan gwoup rebèl la rekòmanse negosyasyon lapè nan vil La Avann, kapital peyi Kiba.

Mouvman geriya FARC la di li dipoze sispann tout operasyon militè ak zak sabotaj pou jouk nan dat 20 janvye 2013. Chèf negosyatè pou FARC yo, Ivan Marquez, presize desizyon sa a vize ranfòse klima konpreyansyon ki nesesè pou fè negosyasyon yo avanse.

Gouvènman kolonbyen an bò pa li deklare operasyon militè kont rebèl yo ap kontinye. Minis Defans Kolonbyen an, Juan Carlos Pinzon, di listwa montre rebèl yo pa janm kenbe mo yo.

Otorite yo presize yo vle jwenn yon antant ak rebèl nan kèk mwa pa nan kèk ane.
Negosyasyon lapè yo te kòmanse mwa pase a nan peyi Nòvèj. Se premye seri negosyasyon konsa depi chita-tande ki te kanpe nan ane 2002 a.
XS
SM
MD
LG