Accessibility links

Breaking News

Vizit Istorik Prezidan Barack Obama nan Bimani


Prezidan Barack Obama ak lidè mouvman demokratik la nan Bimani, Aung Sann Suu Kyi (vizit lakay Madam Suu Kyi nan vil Rangoon, 19 novanm 2012).
Prezidan Barack Obama ak lidè mouvman demokratik la nan Bimani, Aung Sann Suu Kyi (vizit lakay Madam Suu Kyi nan vil Rangoon, 19 novanm 2012).
Nan yon vizit Prezidan Barack Obama fè lendi 19 novanm nan nan Bimani –kote l tounen premye lidè ameriken ki ale nan peyi sa a pandan li sou pouvwa toujou, li pale ak otorite biman yo pou l di refòm yap fè nan peyi a fèk kòmanse, paske gen anpil travay ki rete pou fèt toujou. Aprè yon rankont 4 trèdtan Misye fè ak prezidan biman an, Thein Sein, li bay yon konferans pou laprès kote li fè konpliman pou pwogrè peyi a reyalize pandan lap mache nan direksyon demokrasi. Prezidan Obama di –nap site:

“Mwen pataje ak Prezidan Thein Sein kwayans kòmkwa pwosesis refòm li lanse a se yon pwosesis ki pral pèmèt peyi a ale ann avan. Dispozisyon li deja pran pou peyi a avanse sou wout demokratizasyon, eleksyon, liberasyon prizonye politik yo, mete sou angajman li pran pou l travay avèk nou nan yon dyalòg sou respè dwamoun, tou sa kapab debloke bèl peyi sa a pou l devlope tout potansyalite li. “

Lè Prezidan Obama te fin fè rankont sa a ak chèf deta biman an, li menm ak Sekretè Deta Hillary Clinton te ale lakay lidè opozisyon an, Aung Sang Suu Kyi, pou pwochen aktivite ki te sou pwogram vizit la. Madam Suu Kyi di Misye Obama mèsi pou apui total-kapital li pote bay mouvman demokratik la nan Bimani. Li fè konnen li gen gwo konfyans apui sa a pral kontinye menm pandan sa li konsidere kòm yon peryòd difisil ki pi devan. Madam Aung San Suu Kyi deklare :

« Mwen di peryòd difisil, paske nan nenpòt ki tranzisyon, moman ki pi difisil la, se lè w panse siksè a pa lwen. Lè sa a, nou dwe pran anpil prekosyon pou se pa yon siksè chimerik ki devan nou ; nou dwe travay pou pèmèt pèp nou an jwenn yon siksè veritab tout bon; sa bon pou amitye ki egziste ant 2 peyi nou yo. »

Anvan Prezidan Obama kite Bimani, li pwononse yon diskou nan Inivèsite Rangoon nan kote li di li fè vizit sa a pou l kenbe yon pwomès e pou l lonje yon men zanmi bay peyi Bimani. Pwochen etap toune lidè ameriken an sou kontinan azyatik la se Tayland avèk Kanbòdj.
XS
SM
MD
LG