Accessibility links

Breaking News

Depozisyon Ansyen Jeneral David Petraeus devan yon Komisyon Kongrè a


Ansyen direktè CIA a, jeneral retrete David Petraeus, pral fè depozisyon vandredi 16 novanm 20212 la devan yon komisyon Kongrè a sou atak ki te fèt sou konsil ameriken nan vil Benghazi, nan peyi Libi, nan dat 11 septanm pase a, atak kote anbasadè Lèzetazini nan Libi a, Christopher Stephens, ak 3 lòt diplomat te pèdi lavi yo.

Misye Patreaus pral reponn kesyon Komisyon Sèvis Sekrè Chanm Depite a nan seyans depozisyon sa a ki pral dewoule ak tout pòt fèmen yon semèn egzatteman aprè li te bay demisyon n kòm direktè Ajans Ransèyman Lèzetazini an, aprè yon ankèt FBI t ap mennen te dekouvri li te genyen yon lyezon ak byograf li, Paula Broadwell, alòske li se yon mouche marye.

Lè sa a, ankètè FBI yo te kòmanse poze kesyon pou mande si, le fèt ke Misye Patreaus te ann afè ak dam sa a, sa pat poze yon risk pou sekirite nasyonal Lèzetazini.
XS
SM
MD
LG