Accessibility links

Breaking News

Pwochen Vizit Prezidan Obama nan Rejyon Sidès Azyatik la


La Mezon Blanch eseye kalme kritik k ap di Prezidan Obama pap soulve kesyon dwamoun yo pandan yon vizit li pral fè nan rejyon Sidès Azyatik la.

Lidè ameriken an pral kite Washington samdi 17 novanm 2012 la pou yon tounen ann Azi k ap mennen li nan peyi Kanbòdj, Taylann ak Bimani. Se premye deplasman Misye Obama aletranje depi li te ranpòte eleksyon madi 6 novanm nan ki ba yon 2èm manda.

Objektif toune sa a se pou Administrasyon Obama a montre enpòtans li bay rejyon Sidèz Azyatik la. Sepandan, kèk gwoup defans dwamoun pa dakò ak vizit prezidan an pral fè an Bimani an.

Pami gwoup sa yo genyen Human Rights Watch; youn nan responsab li yo, Matthew Smith, fè konnen Misye Obama ta dwe rete tann plis refòm fèt nan peyi a.

Matthew Smith di:

“Risk ki genyen si Prezidan Obama fè vizit la kounye a, sè ke prezans li sèlman pral pote yon sèten doz apwobasyon bay gouvènman ki an plas laba a; yon gouvènman ki kontinye vyole dwamoun e li fè sa yon fason ki grav anpil-anpil.

Bò kote pa l, konseye Sekirite Nasyonal La Mezon Blanch la, Tom Donilon, pale de etap Bimani nan vwayaj sa a, kote li di lidè ameriken an gen pou mete presyon sou Prezidan Thein Sein ak lòt ofisyèl nan gouvènman Biman an ki ta kapab ap ezite pou yo pouse pou pi devan ak pwogram refòm yo.

Konseye Danilon deklare:

“Vizit Prezidan an ap fè fwa sa a montre konviksyon li genyen deske se pi bon mwayen pou li ankouraje otorite yo nan Bimani pou yo poze plis aksyon. Gen plis travay toujou ki rete pou fèt, e nou pa pral rate okazyon sa a pou n ankouraje yo pouse pou pi devan."
XS
SM
MD
LG