Accessibility links

Breaking News

Etazini: Prezidan Obama ap Vizite Zòn Siklòn Sandy Devaste


Prezidan Etazini an, Barack Obama, ap vwayaje Nouyòk pou l ka konstate efò vil la ap fè pou l rekanpe sou 2 pye aprè gwo manman siklòn Sandy.

Siklòn Sandy te devaste anpil katye bò lanmè nan vil la lè li te touche tè nan fen mwa oktòb la, li te kite plizyè milyon rezidan swa san kay pou yo rete swa san kouran elektrik pandan plis pase 3 semèn pandan tanperati frèt la.

Gwo siklòn sa a ki te frape Kot ès peyi a kèk jou anvan eleksyon prezidansyèl la Ozetazini, sa ki te chofe deba politik yo sou chanjman klima a ke anpil obsèvatè bay responsab plizyè move tan vyolan ki pase tankou Sandy pa egzanp.

Malgre li pa fè yon koneksyon konsa, msye Obama di jounalis yo nan la Mezon Blanch mèkredi 14 novanm nan li pa gen okèn dout sou chanjman klima a ak sou konsekans li genyen sou anviwonman an.
XS
SM
MD
LG