Accessibility links

Breaking News

Yon Atak Teworis fè 14 Mò nan Irak


Yon seri bonm eklate atravè Irak ; 14 moun pou pi piti pèdi la vi yo. Daprè kèk sous pwòch sèvis sekirite peyi a ak lopital yo, atak ki fè plis mò a rive nan pwovens Kirkuk, nan pati nò Irak, kote 4 ekplozyon bonm touye omwen 9 moun e blese yon kantite lòt.

Yon lòt kote, yon machin pyeje eklate nan vil Hilla, nan sid peyi a. Bilan: 4 moun mouri.

Anfen yon lòt machin pyeje eklate nan kapital la, Bagdad, kote li touye yon moun e blese plizyè lòt.

Zak vyolans ki dewoule atravè Irak bese anpil si moun konpare chif yo ak kantite ki te rive nan ane 2006 ak 2007.

Sepandan mwa septanm pase a se mwa kote plis moun pèdi lavi yo nan 2 zan nan zak vyolans. Kantite a sete 365.
XS
SM
MD
LG