Accessibility links

Breaking News

Pwochen Vizit Prezidan Obama nan Birmani


La Mezon Blanch fè konnen premye peyi Prezidan Barack Obama pral vizite aprè re-eleksyon li sou pouvwa a Ozetazini, se Birmani kote li va rankontre, antwòt, PrezidanThein Sein ak lidè opozisyon kap mande demokrasi nan peyi-a e ansyen loreya Pri Nobèl Lapè Aung Suu Kyi.

Misye Obama pral fè vizit la ant le 17 e le 20 novanm 2012, nan kad yon toune nan rejyon Sidès Azyatik la kote li gen pou l ale tou nan peyi Tayland ak Kanbòdj.

Lap tounen premye lidè ameriken kap vizite Birmani ak Kanbòdj. Otorite nan administrasyon Obama a, ki pale ak laprès jedi 9 novanm 2012 la, fè konnen vizit nan Birmani an pral sèvi pou kore efò kap fèt pou konsolide demokrasi nan peyi sa a.
XS
SM
MD
LG