Accessibility links

Breaking News

Siri - Politik: Prezidan Assad di Li Pap Kite Pouvwa a


Prezidan siryen an, Bashar al-Assad, fè konnen li pap kite peyi li e li lanse yon pinga kont tout entèvansyon militè etranje nan Siri. Nan yon entèvyou Misye Assad bay yon chèn televizyon peyi La Risi ki rele <<Jounen Jodi a>>, li deklare yon entèvansyon konsa t ap gen yon ‘’efè domino’’, kidonk li ta pote latwoublay nan yon pakèt peyi youn apre lòt e sa tap gen move konsekans sou rès mond la.

Lidè sireyen an ajoute li pa yon maryonèt e li dispoze pou l viv e mouri nan Siri, paske pèp siryen an kontinye apiye gouvènman n nan.

Chèn televizyon Jounen Jodi a pibliye jedi yon ekstrè entèvyou li fè ak Misye Assad la sou sit entènèt li. Li pa di ki lè chita-tande sa a te fèt e li anonse lap pase tout entèvyou a vandredi 9 novanm nan.

Manm opozisyon siryèn nan fè yon rankont jedi nan peyi Katar sou yon plan pou yo fòme yon konsèy pi elaji kap mete plis tèt ansanm ant rebèl yo; pami lòt plan yo, se jwenn kèk pèsonalite politik ki ka wete Prezidan Bachar al-Assad sou pouvwa a.
XS
SM
MD
LG