Accessibility links

Breaking News

Etazini Politik: Kontwòl Demokrat nan Sena a; Dominasyon Repibliken nan Chanm Bas la


Ozetazini, aprè eleksyon madi 6 novanma pase a, pa tèlman gen gwo chanjman nan Kongrè a kote Demokrat yo konsève kontwòl yo nan Sena a e Repibliken yo gen yon gwo majorit nan Chanm Bas la; kidonk, pa genyen chanjman nan rapò ant 2 chanm yo.

Aprè jounen elektoral la, konfigirasyon an prezante konsa: Nan Sena a, Demokrat yo pran yon syèj, Repibliken yo pèdi youn. Sa vle di Sena ane 2013 la pral genyen ladan n omwen 51 demokrat, omwen 44 repibliken, e omwen 2 endepandan. Jiskaprezan moun poko konnen ki pati ki pral ranpòte 3 plas nan Sena a.

Youn nan gwo sipriz nan Sena a, se eleksyon ki dewoule nan Eta Massachusetts la kote nouvo veni demokrat Elizabeth Warren bat senatè republiken ki te okipe pòs la, an palan de Scott Brown.

Se pa ti kontan republiken yo te kontan lè misye Brown te vin okipe syèj defen Senatè Ted Kennedy te okipe pandan plizyè zane.

Demokrat yo ranpòte nan Sena a yon syèj pou yon eta ki te kapab baskile nan dyakout yon pati oubyen yon lòt, an palan de Vijini, paske kous la te sere anpil anpil ant venkè a, Demokrat Tim Kaine, ak ansyen gouvènè repibliken George Allen.

Nan Eta Wisconsin, Depite Tammy Baldwin ranpòte laviktwa pou l okipe yon plas ki te vid nan Sena a. Se premye fanm omoseksyèl ki pral tounen yon manm Sena ameriken an.

Nan moman moun poko konnen kilès ki ranpòte 15 syèj nan Chanm Bas la pou sikonskripsyon kote responsab yo toujou ap konte vwa, pwojeksyon yo montre ke, la a tou, pa pral genyen tèlman gwo chanjman. Pou le moman, Repibliken yo genyen 233 plas, tandiske Demokrat yo genyen 187.
XS
SM
MD
LG