Accessibility links

Breaking News

Yon Tranblemantè fè 48 Mò nan Gwatemala


Nan jounen mèkredi 7 novanm nan, yon tranblemanntè frape peyi Gwatemala kote li touye 48 mò, tandiske plizyè santèn moun swa blese, swa disparèt.

Prezidan peyi a, Oto Perez Molina, ale nan menm jounen an nan vil San Pedro ak San Marcos kote soukous la fè plis dega.

Misye Molina pale pou l di:
“Youn nan priyorite nou, se kenbe liyn distribisyon pwovizyon yo an plas ; se retabli elektrisite, se distribye dlo. Nap fè travay sa a, paske moun nan vil San Pedro ak San Marcos pa genyen limyè, yo pa genyen dlo.”

Se pi gwo tranblemanntè ki frape peyi Gwatemala depi ane 1976 kote yon gwo soukous te touye plis pase 20 mil moun.
XS
SM
MD
LG