Accessibility links

Breaking News

Barack Obama Eli 44èm Prezidan Etazini Damerik


Prezidan Barack Obama ap pale apre anons ofisyèl viktwa li pandan nuit elektoral la nan Chicago, Eta Ilinwa (swa nan nuit 6 pou leve 7 novanm 2012 la).
Prezidan Barack Obama ap pale apre anons ofisyèl viktwa li pandan nuit elektoral la nan Chicago, Eta Ilinwa (swa nan nuit 6 pou leve 7 novanm 2012 la).
Prezidan Barack Obama kale rival repibliken n nan, Mitt Romney avèk 303 vòt elektoral kont 203. Patizan Misye Obama ki te rasanble nan katye jeneral kanpay li a nan vil Chicago, fè drapo flote e yo bat bravo lè yo te pran nouvèl la byen ta nan sware madi 6 novanm nan, aprè kandida demokrat la te fin ranpòte ase vòt elektoral pou l genyen 270 vòt ki nesesè pou l ranpòte eleksyon an epi tounen 44èm prezidan ameriken.

Responsab kanpay demokrat la gaye nouvèl la sou twitter avèk yon mesaj ki gen kòm tit anglè «four more years”, sa vle di “4 ane ankò” ki te anba yon foto Prezidan Obama kap anbrase madanm li, Michelle. Nan New York, responsab youn nan pi gwo konstriksyon nan vil la, The Empire State Building, limen sou tèt batiman an yon limyè ble, ki se koulè Pati Demokrat la.

Pami 25 eta ki bay Prezidan Obama viktwa sa a, genyen Ohio, Iowa, New Hampshire avèk Pennsilvani, mete sou kapital federal la, Washington DC. Kanta pou Misye Romney, li ranpòte 23 eta; pami yo nou jwenn Kawolin di Nò avèk Indiana, 2 eta Misye Obama te ranpòte nan eleksyon 2008 la. Nan moman nou tap ekri atik sa a, rezilta yo te twò sere nan Eta Florid pou moun te konnen kilès kandida ki ranpòte li.

Yon ti kras anvan 1 nè di maten (lè Washington, DC) nan sware 6 novanm nan, Mitt Romney te parèt nan katye jeneral kanpay elektoral li a nan Boston, Eta Massachusetts, kote li fè yon diskou pou l rekònèt viktwa Prezidan Obama a. Kèk minit aprè Misye Romney te fin fè diskou li a, Prezidan Obama te parèt tou devan yon foul patizan nan vil Chicago, kote li mete mesaj viktwa li devan pèp la. Venkè eleksyon an pale de yon kanpay elektoral ki te long anpil, epi li remèsye rival li a pou yon kanpay kote li te fè yon gwo travay kòm kandida pati opozisyon an, men kote li montre anpil kouraj tou.

Misye Obama anonse li gen pou l rankontre avèk Mitt Romney anvan lontan pou yo chache konnen kijan yo ka travay ansanm pou byen peyi a. Li atire atansyon sou le fèt ke kanpay elektoral an patikilye e politik an jeneral kapab bay moun enpresyon ke pèp la divize; men sa pa reflete inyon solid ki genyen nan mitan ameriken yo lè yo genyen pou defann enterè Lèzetazini, lè yo gen pou travay pou pitit peyi a kapab genyen yon pi bèl avni.

Rezilta eleksyon prezidansyèl 6 novanm 2012 la Ozetazini (303 vwa elektoral pou Pati Demokrat la kont 203 pou Pati Repibliken an) bay Barack Obama yon viktwa ki fè li tounen 44èm prezidan Etazini Damerik. Kidonk, pèp ameriken an eli li pou yon 2èm manda kòm lidè pi gwo puisans mondyal la nan kòmansman 21èm syèk la.
XS
SM
MD
LG