Accessibility links

Breaking News

Prezidan Obama ap Vizite Zòn Sinistre yo nan New Jersey aprè Pasaj Tanpèt Sandy


Prezidan Barack Obama avèk prezidan Kwa Wouj Amerikèn nan, Gail J. McGovern, nan katye jeneral Sant Nasyonal Kwa Wouj la nan Washington D.C..
Prezidan Barack Obama avèk prezidan Kwa Wouj Amerikèn nan, Gail J. McGovern, nan katye jeneral Sant Nasyonal Kwa Wouj la nan Washington D.C..
Prezidan Barack Obama ap kite Washington mèkredi maten pou l ale vizite kèk zòn kote tanpèt Sandy fè dega ak viktim nan Eta New Jersey. Nan toune sa a, lidè ameriken an pral genyen avèk li gouvènè repibliken New Jersey a, Chris Christie.

Prezidan Obama ap fè vizit sa a nan moman yon bann ak yon pakèt sekouris, pwofesyonèl ak teknisyen twouve yo nan New Jersey pou yo ede moun ki viktim yo epi fè reparasyon ki nesesè aprè pasaj youn nan pi move tanpèt ki frape pati nòdès peyi a. Prezidan Obama te deja dekrete New Jersey ak New York “eta dezas frape”, yon aksyon ki kalifye 2 eta yo pou yo resevwa asistans nan men gouvènman federal la. Prezidan Obama, ki tap pale madi nan lokal Lakwa Wouj amerikèn nan nan Washington, di -nap site:

“Men ki enstriksyon mwen pase ajans federal yo: Pinga chache konnen poukisa nou pa kapab fè yon bagay; men pito se pou n chache konnen kijan pou n fè bagay yo. Mwen vle nou kite tonbe tout fòmalite administratif, tout detay biwokratik. Nan pwen nou ye la a, pa gen pyès ekskiz pou n pa pase alaksyon. Mwen vle pou tout ajans yo pote kole epi chache garanti ke yo jwenn resous ki nesesè, kote yo nesesè e le pli vit posib."

Bò kote pa l, gouvènè Eta New Jersey a, Chris Christie, te pran elikoptè nan jounen madi a pou l t al fè yon toune sou kòt Eta a, dekwa pou l te jwenn enfòmasyon premyè men sou dimansyon dega tanpèt Sandy koze nan zòn nan. Misye Christie deklare –nap site:

“Se pou sa mwen te vle fè sòti sa a san pèdi tan. Pa gen anyen ki ka ranplase konsta ou fè pèsonèlman, avèk pwòp je w, pou w rankontre ak sekouris sa yo kap ede moun yo ki anba gwo dlo ; anyen pa ka ranplase posiblite pou m rankontre ak mèt kay yo, pou m di yo nou pral fè tout sa n kapab pou n ede yo rebati le pli to posib. Mwen vin isit la pou m ban nou mesaj sa a, pou m pote apui m ban nou, epi fè moun yo konnen nou sou teren an, nap kontwole sitiyasyon an e nou pral kontinye travay di pou sa. »

Dènye nouvèl yo di tanpèt Sandy touye anviwon 50 moun Ozetazini (43 nan Eta New Jersey sèlman) e li koze dega pou apeprè 60 milya dola.
XS
SM
MD
LG