Accessibility links

Breaking News

Siklòn Sandy Pote Lanmò ak Destriksyon nan Pati Nòdes Lèzetazini


Lapolis vil Babylon, nan Eta New York, ap ede Elaine Belviso, ki gen 72. Li te bloke anndan kay li ki te inonde pandan pasaj "Super Tanpèt" Sandy nan nuit lendi 29 pou leve madi 30 oktòb 2012 la.
Lapolis vil Babylon, nan Eta New York, ap ede Elaine Belviso, ki gen 72. Li te bloke anndan kay li ki te inonde pandan pasaj "Super Tanpèt" Sandy nan nuit lendi 29 pou leve madi 30 oktòb 2012 la.

Ozetazini, Sandy, yon tanpèt masif ke espesyalis yo rele yon “super tanpèt”, pran lavi apeprè 46 moun nan eta New York, Kawolin du Nò, Konektikèt, Maryland ak Vijini Oksidantal e lage anviwon 60 milyon moun nan blackout pandan lap pase sou rejyon nòdès peyi a. Sandy te koumanse simaye destriksyon menm anvan li te touche tè sou kòt Eta New Jersey lendi swa. Nan Eta Nouyòk sèlman li touye 23 kretyen-vivan tandiske li pran lavi 18 nan vil Nouyòk. Otorite yo pwomèt pou yo pibliye yon nouvo mizajou sou bilan dega ak viktim yo ofiramezi y'ap dekouvri nouvo kadav.

Van-tanpèt ak gwo lapli move tan an pote ak li, pwovoke gwo inondasyon nan Atlantik City, yon vil touristik nan Eta New Jersey ki renome pou gwo kantite kazino li genyen ak touris ki abitye vizite li; tanpèt la koze dega sou bèl ri men longè, men lajè kote moun abitye al pwomennen nan vil la.

Gouvènè New Jersey a, Chris Christie, pa mete dlo nan bouch li pou l di kijan li desi poutèt moun Atlantic City yo pat obeyi lòd otorite yo te pase pou yo pati kite vil la anvan Sandy te rive sou yo a fòs yon siklòn kategori 1. Pandan Misye Chritie tap pale byen ta lendi swa sou sitiyasyon an, li deklare –nap site :

« Alòs, pou moun ki rive tou prè kòt yo e ki deside li pi bon pou yo rete tann tanpèt la pase, olye pou yo deplase al lot kote; epi pou otorite lokal ki deside dezobeyi lòd dirèk mwen te pase yo, map di se yo kap responsab tout sa ki rive. Si nou kapab tande m toujou, nou mande pou n kite kay nou, epi ale nan zòn ki pi elve posib yo. Nou pap kapab vin pote pèsonn sekou pazavan solèy leve demen. Silvouplè, chache yon kote ki gen sekirite epi rete la jiskaske tanpèt la fin pase. »

Nan kad mezi prekosyon responsab yo pran nan okazyon pasaj « Super-Tanpèt » Sandy Ozetazini, konpayi ayeryèn yo pran desizyon pou yo anile plizyè milye vòl ki ta prale oubyen sòti sou kòt ès la, menm jan konpayi tren nasyonal la, AMTRAK, deside kanpe tout operasyon nan rejyon an pou jounen lendi a ak jounen madi a. Menas Sandy poze te lakoz machedlabous ameriken an, ki gen katye-jeneral li nan vil Manhattan, anile tout aktivite pou jounen lendi a; e nouvèl yo fè konnen lap rete fèmen tou madi.

Nan zòn metwopolitèn Washington nan, nan Eta Vijini ak Maryland, lekòl yo nan tout nivo te fèmen lendi e yap rete fèmen jounen madi a tou. Se menm bagay la pou biwo piblik yo, kit se nan nivo Eta yo, kit se nan nivo federal la.
XS
SM
MD
LG