Accessibility links

Breaking News

Nouvo Bilan Pwovizwa Viktim Siklòn Sandy Yo Ann Ayiti: 44 Mò, 19 Blese, 21 mil Sanzabri


Daprè yon bilan pwovizwa responsab ayisyen yo pibliye, siklòn Sandy lakòz 44 moun pèdi lavi yo, 19 blese, 12 pa reponn alapèl ak 21 mil kretyen-vivan ki pa gen kote pou yo rete, san konte gwo dega nan enfrastrikti Ayiti, tankou wout koupe, pon ak kay li pote ale.

Gouvèman Martelly-Lamothe la anonse yon asistan 139 milyon goud anplis pou ede sinistre yo nan prensipal zòn afekte yo. Chèf gouvènman ayisyen an, Laurent Lamothe, sivole samdi a nan elikoptè rejyon ki sibi inondasyon ak dega yo e li dwe rankontre ak palmantè yo pou diskite sou nouvo tranch asistans li anonse samdi 27 oktòb la

Nan yon mesaj Premye Minis Laurent Lamothe mete devan pèp la byen ta jedi 25 oktòb la, li anonse Leta ayisyen pral dekese rapidman yon afè de 221 milyon goud (swa anviwon 5 milyon dola ameriken) pou li e li dwe patisipe samdi swa nan yon konsèy kabinè

-mete kit alimantè a la dispozisyon popilasyon sinistre a;
-ofri abri pou moun ki pèdi kay yo ;
-reloje moun ki te deja ap viv nan move kondisyon anba tant yo;
-fè distribisyon lajan pou fanmi sinistre yo.

Daprè Misye Lamothe, move tan an fè dega e li touye moun nan 5 sou 10 depatman jewografik peyi a.
XS
SM
MD
LG