Accessibility links

Breaking News

Prezidan Michel Martelly ap patisipe nan 14èm Somè Peyi Frankofòn yo.


Prezidan Ayisyen an, Michel Martelly
Prezidan Ayisyen an, Michel Martelly
Prezidan Michel Martelly kite Pòtprens jedi 11 oktòb 2012 la pou l al patisipe nan 14èm somè peyi frankofòn yo kap dewoule nan Kinshasa, kapital Repiblik Demokratik Kongo ou ansyen Zayir la.

Nan deklarasyon Misye Martelly fè anvan li pati, li fè konnen li pral pwofite de prezans li nan somè a pou l eksplore posiblite pou l ranfòse rapò Ayiti ak kèk patnè entènasyonal, sitou peyi ki te manifeste enterè nan yon kondolidasyon relasyon yo ak Ayiti apre tranblemanntè janvye 20 10 la.

Yon lòt kote, lidè ayisyen an lanse yon apèl tou pou l mande pèp la rete nan kal ak trankilite. Misye Martelly fè sonje la a le fèt ke manifestasyon te dewoule divès kote nan peyi a nan semèn ki pase yo, kote pèp souvren te pran lari pou denonse lavi chè ak chomaj.
XS
SM
MD
LG