Accessibility links

Breaking News

Etazini-Eleksyon : Deba ant 2 Kandida pou Plas Vis Prezidan an


 Vis Prezidan ameriken an, Joe Biden (agoch) nan deba ak kandida Repibliken Paul Ryan (adwat), 11octòb 2012.
Vis Prezidan ameriken an, Joe Biden (agoch) nan deba ak kandida Repibliken Paul Ryan (adwat), 11octòb 2012.
Ozetazini, deba ant 2 kandida pou plas Vis Prezidan an: Joe Biden, Demokrat ki nan plas la aktyèlman, ak Repibliken Paul Ryan, yon depite Eta Wisconsin-- dewoule jedi swa nan vil Danville, Eta Kentucky.

Pou kòmanse fas-a-fas sa a, chak nan 2 kandida yo te salye lòt la anvan yo te chita pou yo fè deba sou sa ki reprezante diferans nan vizyon yo pou politik nasyonal e entènasyonal Lèzetazini. Premye tèm diskisyon an, sete atak ki te fèt sa pa gan lontan sou konsila Lèzetazini nan vil Benghazi, nan pati lès peyi Libi; atak kote 4 diplomat ameriken te mouri --pami yo anbasadè Christopher Stevens. Paul Ryan pale pou l di reyaksyon administrasyon Obama a pat apwopriye. Depute Ryan deklare –nap site:

“Prezidan an te pran 2 semèn pou l rekonèt sete yon atak teworis. Li ale nan Nasyon Zini; e nan yon diskou li fè nan l’ONU, li pale 6 fwa de yon video ki parèt sou YouTube kòm koz atak la. Ebyen, nou menm, si teworis frape nou, nap rele yon chat, yon chat : nap di se yon atak teworis. Anbasadè nou nan vil Paris genyen yon detachman kò mèrin nan pou pwoteje li. Eske nou pa ta dwe genyen yon detachman kò mèrin nan pou pwoteje anbasadè nou an nan Bengazhi ? »

Paul Ryan ajoute politik entènasyonal administrasyon Obama a ap mete plis pwoblèm nan lemond e lap fè Lèzetazini genyen mwens sekirite. Vis Prezidan Joe Biden reponn pou l di deklarasyon Misye Ryan yo pa koresponn ak laverite. Misye Biden deklare:

« Mwen pa konprann de kisa zanmi m nan ap pale la a. Nou gen yon prezidan ki pa chita e ki fè tout sa li te di li tap fè. Se yon prezidan ki repare alyans nou yo yon fason pou rès mond la kapab deside swiv nou ankò kòm lidè. Se yon nonm ki fè lemond antye –san bliye Larisi ak Lachin- pran pozisyon pou yo apiye efò nou lanse pou n mete sanksyon ki pi dyanm yo sou peyi Iran.»

Majorite elektè ki gen entansyon al vote e ki reponn kesyon kèk sondaj fè konnen yo panse se Joe Biden ki ranpòte deba a; chif yo varye daprè òganizasyon laprès ki reyalize sondaj la, e menm gen obsèvatè ki kwè deba a fini egal ego.
Bò kote pa l, Prezidan Barack Obama montre li byen kontan ak fason Vis Prezidan Biden konpòte l nan deba a. Lidè ameriken an pale pou l di –nap site :

« Mwen pa ta kapab pi fyè pase sa de Joe Biden. Mwen kwè li fè yon trè bon travay ; mwen panse vrèman li arive montre pasyon li pou efò ki dwe fèt pou n gen asirans ekonomi nou an pèmèt klas mwayèn nan fè pwogrè. Franchman, mwen trè fyè de li, »

Deba ant 2 kandadi pou plas vis prezidan an dewoule nan moman dènye sondaj yo montre kous ant 2 kandida pou plas prezidan an, Barack Obama --Demokrat ki nan La Mezon Blanch-la-- ak Repibliken Mitt Romney, se yon kous ki sere anpil.
XS
SM
MD
LG