Accessibility links

Breaking News

Yon Eksplozyon nan Siri fè 30 Mò


Yon gwoup dwazimen nan peyi Siri fè konnen yon eksplozyon ki pete nan nodès peyi a touye omwen 30 moun e blese plizyè douzèn lot.

Obsèvatwa siryen pou dwamoun ki gen baz li nan vil Lond rapòte pawol kèk temwen ki di eksplozyon an fèt nan yon atak ayeryen ki te frape yon estasyon gazolinn nan pwovens al-Raqqa.

Direktè gwoup la Rami Abdelrahman di temwen yo rapòte yo te wè 30 kadav e kantite moun ki mouri yo sanble ka ogmante. Nouvèl ki te parèt anvan sa te fè konnen omwen 50 moun mouri.

Mèkredi 19 septanm nan, Sekretè jeneral Nasyonzuni-an Ban Ki-moon te deklare gouvènman ak opozisyon-an nan Siri sanble yo detèmine pou yo rezoud kriz-la militèman.

Li di jounalis yo ke mwayen militè pa pral pote yon repons vrèman vre, e kriz la ta dwe rezoud pa dialog politik.

Msye Ban di Siri pral yon kesyon enpòtan lè lap rankontre ak lidè mondyal yo nan Asanble jeneral nasyonzuni an , li di yo dwe abòde sitiyasyon sa a dijans.
XS
SM
MD
LG