Accessibility links

Breaking News

Ajantin: Manifestasyon kont Gouvènman Kirchner la


Nan peyi Ajantinn, plizyè milye manifestan pran lari jedi swa pou yo leve kanpe kont gouvènman Prezidan Christina Kirchner la.

Manifestan yo, ki te gen drapo ajanten nan men yo, chante eslogan kote yo di yo fatige ak eskandal koripsyon, to kriminalite a kap monte ak eta ekonomi an kap deteryore.

An menm tan tou, yo fè konnen yo pa dakò ak yon pwojè pou chanje konstitusyon an dekwa pou pèmèt Madam Kirchner ale dèyè yon 3e manda.

Youn nan manifestan yo, Juan Bautista, pale ak lapreès pou l di :

"Pèp la mete manifestasyon sa a sou pye, paske tout moun bouke ak koripsyon, ak echèk gouvènman an nan divès domèn, ak move direksyon Leta ajanten an pran. Malerezman nou pral oblije rete ak sitiyasyon sa a pandan 3 ane ankò."

Prezidan Christina Kirchner te monte sou pouvwa a an Ajantin an 2007 e li te re-eli pou yon 2e manda ane pase ; men konstitisyon ki an vigè nan peyi a jounen jodi a anpeche li ale dèyè yon 3e manda.
XS
SM
MD
LG