Accessibility links

Breaking News

Etazini Ranfòse Sekirite a nan Misyon Diplomatik li yo nan Lemond


Ozetazini, gouvènman Prezidan Obama a pran desizyon pou l ranfòse sekirite a nan misyon diplomatik ameriken yo a travè lemond nan moman otorite yo prevwa plis manifestasyon anti-ameriken pral dewoule nan rejyon Mwayen Oryan poutèt yon film ki kritike relijyon Islam nan.

Vrèman vre, otorite yo atann yo aske anpil moun resanble ankò aprè lapriyè vandredi a nan divès peyi mizilman. Nan peyi Lejip, pa egzanp, byen bonè nan jounen vandredi a, lapolis te gen pou sèvi ak gaz lakrimojèn pou gaye manifestan ki te rasanble alantou anbasad amerikèn nan nan vil Lekèr pou yon 4èm jounen youn apre lòt.

Manifestasyon ki te tanmen nan kòmansman semèn nan nan Lejip ak Libi fin pa gaye jedi nan lòt peyi nan Mwayen Oryan an tankou Yemèn, Iran, Irak ak Bangladesh.

Pandansetan, otorite yo nan Libi poze arestasyon 4 moun ki ta mele nan atak ki te fèt, nan dat 11 septanm pase a, sou konsila ameriken an nan vil Benghazi, nan pati lès peyi a, kote yo te touye anbasadè ameriken an, J. Christopher Stevens, ak 3 lòt anplwaye misyon diplomatic la.

Gouvènman libyen an pa bay detay sou arestasyon sa yo. Ann atandan, ajans Lèzetazini k ap travay nan domèn sèvis sekrè a, ap analize nouvèl ki pale de yon swadizan patisipasyon militan rezo teworis al-Kaida nan atak ki te fèt sou konsila ameriken an nan Benghazi
XS
SM
MD
LG